Se dapre kèk nan manm fondatè yo te wè yon fim ki gen kòm tit “ Banzaï”, yo te chwazi non sa a pou klèb ki te fèk fonde a. Mo “Banzai” vle di “ Se pou li viv pandan mil lane”. Setè yon rèl lagè Japonè, kote solda yo t ap demontre kouman yo pa t asepte lawont pèdi yon batay.
Banzaï se yon asosyasyon ki pa gen okenn enterè politik ni komèsyal. Li vle reyini jèn yo, gason tankou fi, ki renmen volebòl la pou yo kapab pratike l yon fason ki byen òganize, pou yo kapab distrè yo, devlope sante ak kondisyon fizik yo epi kreye yon yon bon jan relasyon kòm zanmi pami yo. Andedan klèb la pa gen plas pou prejije sou baz politik, sosyal ou byen relijyon.
Koulè klèb la se vè, wouj ak blan. Logo a prezante yon gason ak yon fi ki kenbe yon balon sou tèt filè volebòl la. Yo vle fè tout manm yo konprann kouman Banzai se yon asosyasyon ki reyini tout jèn ki vle viv kòm zanmi sensè epi k ap mete tèt yo ansanm pou fè tout moun respekte klèb la kòm yon asosyasyon ki vle rete fidèl avèk prensip li yo.
Mèt klèb la se Asanble Jeneral la. Se tout manm yo ki enskri ki fome asanble sa a. Li reyini omwens yon fwa chak ane. Asanble Jeneral la delege tout reskonsabilite bay yon komite direktè ki jwenn chak fwa yon manda pou 4 lane.
Komite direktè ki la kounye a jis pou oktòb 2013 se :
-M. Jean Max CHERY - Prezidan
-M. Marc-Kenley MOGENE - Visprezidan
-Mme Roselène FRANCOIS - trezoye
-RP Jean HOET - Sekretè
Konseye:
-R.P. Wesner NEREE
-M.Vaudy JEAN-BAPTISTE
-Mme Fleurette MATHIEU
Pi fò manm yo se etidyan. Dirijan yo toujou ankouraje yo pou yo bay bon rezilta nan lekòl yo.
Banzaï pa gen teren ki ka rele l chèmèt chèmètrès, se konsa nou blije fè antrènman yo ak anpil nan match nou gen pou jwe yo sou teren nou prete osinon lwe. Premye antrènman pou medanm yo te fèt sou teren legliz Sakre Kè, jou ki te 21 Me 1996. Se Eddy Etienne ki te premye antrenè klèb la. Ti mesye yo menm te komanse antrene nan Sant Dadadou a, depi premye Oktòb 1996. Se Herode Pierre ki te komanse ak yo. Kounye a antrenman yo ap fèt nan teren Legliz Mormon an (Delma 30) avék nan “Collège Lamartinière” epi nan “Collège Saint Martin de Tours”. Gen 6 antrenè ki yo chak reskonsab yon ekip osinon yon gwoup sou direksyon kòmisyon teknik klèb la.
Depi nan lane 1997 Bannzay ap patisipe nan tout konpetisyon LVBRO (Ligue de Volley-ball de la Région Ouest) a ap òganize. Medanm yo k ap jwe nan premye divizyon te deja chanpyon nan lane 2002, 2004, 2005, 2006, 2007 ak 2008. An 2003 yo te dezyèm. Mesye premye yo te twazyèm nan konpetisyon sa a nan lane 2005 ak 2007, yo te premye nan lane 2008. An 2009 yo te pèdi final la. Klèb la patisipe preske chak fwa nan chanpyona nasyonal FHVB (Fédération Haïtienne de Volley-ball) ap òganize. Medanm yo pran koup chanpyon an nan 2002, 2003 ak 2005. An 2004 yo te dezyèm. An 2006 se pwoblèm lajan ki te anpeche nou patisipe nan tounwa sa a etan Wanament. Nan lane 2007, chanpyona sa a t ap fèt Jakmèl men li te vin kanpe nan wout. Ni ti mesye yo ni ti medanm yo te gen tan rive nan demi final yo. An 2009 se sèl mesye yo ki te patisipe. Yo rive pèdi final la.
(Pou n ka gen yon ide sou pèfomans ekip Banzaï yo, gade nan paj “Palmarès”)
Banzaï fyè deske li te gen 2 jwèz yo te pran pou seleksyon nasyonal ki t al jwe an Dominikani ak peyi Kiba, nan lane 2000. Nan lane 2006, Banzaï te gen 5 jwèz ak 1 jwè ki t al defann koulè peyi Dayiti a, nan yon tounwa entènasyonal nan peyi Bahamas. An 2009 te gen 3 jwè ak 2 jwèz ki te nan seleksyon nasyonal ki te patisipe nan eliminatwa koup dimonn nan.
Ti gwoup jèn ki te fome klèb la nan lane 1996 tounen yon gwo asosyasyon byen djanm ki gen plis pase 400 manm ladann li kounye a. Banzaï mete 4 ekip kanpe nan konpetisyon rejyonal yo. Epi li gen yon bèl gwoup espwa ki kapab jwe nan kategori U-15 rive nan U-19.
(gade nan paj “Ekip yo”)
Banzaï tounen yon asosyasyon ki byen òganize, men pwoblèm lajan bay dirijan yo anpil kè sote. Pi fò nan manm yo sòti nan fanmi ki pa gen gwo mwayen. Yon klèb tankou Bannzay ta dwe gen posibilite pou l fonksyonnen nan nivo li rive a. Anpil depans dwe fèt pou achte materyèl, tankou balon, pou achte inifòm ak ekipman pou omwens 4 ekip, pou òganize yon kan volebòl chak ane, ak estaj pou jwè ak jwèz yo. Antrenè yo merite jwenn yon ti salè pou jan yo devwe pou klèb la. Gen anpil depans pou deplasman ekip yo pou match yo gen pou jwe ak pou antrènman yo. Gen anpil aktivite klèb la ta renmen mete sou pwogram li toujou.
Banzaï pa gen teren pa l, ki fè li pa gen mwayen pou l fè resèt pandan match l ap jwe « lakay li ». An Ayiti li sanble preske enposib pou jwenn esponsò, lèfini ou pap ka konte sou enstitisyon ki la pou ankouraje aktivite espò nan peyi a. Yo pa janm kenbe pwomès yo. Li ijan anpil pou Banzaï ta jwenn konkou lajan pou l pa mouri.
Katastwòf ki te frape Ayiti 12 janvye 2010 la te fè kwè Banzaï ak Volebòl an Ayiti fini. Fanmi volebòl la te gen plizyè viktim epi pi fò teren volebòl yo te vin disparèt osinon yo te sèvi ak yo pou mete tan pou moun ki pèdi kay yo osinon pou mete tant pou yo mete klas pou lekòl yo.
Touswit apre tranbleman tè a te vin gen yon mouvman solidarite ki te deklanche sitou nan peyi Labèljik. Anpil zanmi Banzaï sèmante Banzaï pap mouri, epi yo mete yon pakèt aksyon sou pye pou garanti lavi Banzaï la. Kifè kounye a Banzaï vin gen yon gwo pwojè pou l sa konstwi yon sant espòtif kote Banzaï ap jwenn plas pou tout aktivite li vle òganize. Kounye a n ap fè demach pou n jwenn yon teren ki ka resevwa konstriksyon sa a. Depi kèk semenn nou siyen yon akò k ap fè nou jwenn 3000 m2 nan yon pi gran teren. Kounye a n ap tann apantaj la pou n gen espas ki pou nou.